Popilasyon nan Brooklyn Site Solèy, anvi kòmanse batay pa yo kont G9

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
popilasyon nan brooklyn site solèy, anvi kòmanse batay pa yo kont g9

Ayè mèkredi 26 avril 2023 a, plizyè moun nan komin Site Solèy espesyalman zòn Brooklyn, te leve kanpe yo menm tou pou denonse zak banditis yo nan katye pa yo a, yo lonje dwèt jouda yo sou gwoup gang « G9 An Fanmi E Alye » kòm sib sitiyasyon y ap fè fas jodi a.

Pandan plizyè katye ap etidye estrateji pou kwape bandi nan katye yo menmjan moun Kanapevè te fè l 24 avril pase a, moun nan Site Solèy te mache pasifikman pou denonse konpòtman ak agresyon gang yo nan katye sa a. Popilasyon site solèy la espesyalman brooklyn te leve kanpe an mas pou yo kouri deye gang G9 yo ki anpeche yo fonksyone ak vakye nan okipasyon yo kòmsadwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pankat nan men, drapo Ayiti nan men yo, popilasyon an pandan fòm revandikasyon sa a te tou pwofite denonse Kèk otorite nan peyi a k ap finansye estrikti kriminèl ki pote non « G9 An Fanmi E Alye » a.

Li enpòtan pou n raple, katye Brooklyn andedan Site Solèy ap fè fas ak plizyè lòt difikilte, anplis gang k ap teyorize yo, pa gen dlo potab pou moun yo fè fas ak maladi Kolera k ap toumante yon pati nan peyi a, manje pou moun manje nan katye sa a se yon tèt chaje. Leta sanse inyore moun k ap viv nan zòn sa a, enstans k ap jere dwa moun nan peyi a bliye egzistans moun k ap viv andedan an. Mach pasifik sa a te non sèlman òganize pou denonse gang, men tou, li te òganize pou lanse yon apèl ak enstans konsène yo pou yo louvri zye sou fason y ap viv nan Site Solèy. Yo fè konnen mouvman pwotestasyon yo pa p kanpe toutan Leta pa fwouye bouch nan koze a, pandan yo pwofite lanse yon piga bay tout bandi ki anvizaje kontinye fwouye zo nan kalalou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.