Pòt ki nan fim Titanic lan vann pou 718,750 dola

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
pòt ki nan fim titanic lan vann pou 718,750 dola

Nan fim lejandè “Titanic”, tout moun sonje sèn kote Rose (Kate Winslet) te jwenn refij sou pòt la aprè nofraj Titanic la. Yo vann pòt sa a pou yon kantite lajan ki enpresyonan : 718,750 dola.

Pòt sa a, ki vin yon anblèm gras ak fim James Cameron lan, te kaptire imajinasyon anpil fanatik depi nan soti fim lan an 1997. Akizisyon li pa yon koleksyonè rich make yon moman memorab pou amatè fim ak pasyone istwa Titanic la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avek yon touch imoristik, Heritage Auctions ki te ògankze vant lan te pataje nouvèl la sou Instagram lè yo ekri: “Nouvo pwopriyetè a sètènman pral teste pou wè si li ka kenbe 2 moun”. Sa fè referans ak sèn ikonik nan fim nan kote Jack, Leonardo DiCaprio, ak Rose te refijye sou pòt la ki sou dlo glase lanmè Atlantik la.

Vant sa a montre fasinasyon pou istwa dramatik Titanic la ap kontinye. Pòt la trennen dèyè l souvni ak emosyon pou jenerasyon k ap vini. Li raple istwa epik bato a ak pasaje ki te viv dram maren sa a.

 

Source Photo: LaPresse.ca

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.