Pòtoprens : 3 moun mouri, plizyè lòt blese nan yon pwogram “Car Wash”

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pòtoprens 3 moun mouri, plizyè lòt blese nan yon pwogram car wash

Pou pi piti 3 moun pèdi lavi yo plizyè lòt sòti blese anba bal endividi moun pa rive idantifye, nan lannwit dimanch 2 jiyè 2023 a, nan kad yon pwogram “Car Wash” ki te òganize touprè legliz Sentàn ak zòn Gran Ri, nan kè vil Pòtoprens.

“Car Wash Party” retounen ankò sou tèritwa nasyonal la, malgre konjonkti aktyèl plizyè rakwen nan peyi a ap fè fas dènye tan sa yo. Dimanch ki te 2 jiyè a, pou pi piti 3 moun pèdi lavi yo ak plizyè lòt sòti blese anba bal, pandan plizyè jèn gason ak jèn fanm t ap pran plezi yo epi benyen ak materyèl yo souvan lave machin.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ensidan sa pase nan zòn legliz Sentàn ak Gran Ri, toujou nan kè vil Pòtoprens lan. Dapre kèk sous, endividi yo pa rive idantifye, ki te abò yon motosiklèt, louvri kout zam sou moun yo ki te abò lari a epi sove aprè zak briganday sila.

Moun ki te temwen yo fè konnen, yo te touswit mennen blese yo nan yon lopital ki tou prè a pou yo te kapab jwenn premye swen nesesè yo.

Zòn lavil Pòtoprens lan pa sispann bay kè sote epi kreye dèy nan mitan fanmi yo nan peyi a. Anplis ka kidnapin yo k ap fè gran retou li tipa tipa, bandi ak zam kontinye ap teworize epi asasinen sitwayen pèzib yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.