Demwazèl Peterson Theofin te akize vòlè paspò li an fè fos kouch

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
demwazèl peterson theofin te akize vòlè paspò li an fè fos kouch

Yfemie Saint-Hilaire, jèn fi Peterson Theofin te akize vòlè paspò li an ak plizyè lòt dokiman enpòtan epi 2500 dola ameriken an, pèdi pitit li t ap pote a, se sa nou aprann malerezman.

Idantifye sou non « Stéphanie Joseph », Yfemie te pran nan won akoz akizasyon Peterson te pote kont li yo, alòske se pa t vre. Swit ak ensidan sila, li fè fos kouch alòske li te ansent 5 mwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jounal an liy Radiographie, ki site sous li yo, rapòte Yfemie pèdi timoun lan madi 3 jiyè a lopital. Toutfwa, pa genyen twòp detay ki bay sou sa ak kondisyon sante dam lan.

N ap raple, aprè konfwontasyon 2 moun yo nan laprès lokal, lapolis t ap pral arete tou lè 2 nan lide pou limyè te ka fèt sou dosye sila. Tout lè sa, Peterson Theofin te kenbe menm vèsyon istwa a. Aprè yo te fin konparèt devan lajistis, Peterson t ap pral avwe se poutèt jalouzi li te fè manti sila yo akoz Yfemie te ansent pou yon lòt gason. N ap raple, nan kad dosye sila, tou lè 2 moun yo jwenn liberasyon yo, men pa gen pyès dedomajman ki fèt nan favè dam lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.