Nan yon rapò yo pibliye, Òganizasyon Entènasyonal Migran yo OIM ak Nasyon Zini fè konnen Bandi ak zam yo ki achte peyi a ak lajan kontan, fòse plis pse 96 mil konpatriyòt Ayisyen kite lakay yo, selon envestigasyon yo mennen ,prèske tout kay yo sou kontwòl bandi, yo itilize yo pou fè abri pandan moman afwontman yo.
Sa gen plizyè lane depi se gang ak zam yo ki gen kontwòl prèske tout bagay nan peyi a, kay , biznis, zòn pou n site sa a yo sèlman, pandan tan sa yo se yo ki fè lalwa nan katye popilè yo, lapolis prèske enpisan devan yo paske yo ogmante chak jou pi plis, òganizasyon entènasyonal yo ki, yo menm tou viktim nan kriz ensekirite sa a, reyalize yon bilan ki montre ak klè nivo mechanste bandi san ginen yo enfliyanse malere ak malerèz yo nan katye popilè yo. Plis pase 96 mil moun kouri kite lakay yo akòz presyon bandi nan katye popilè yo, OIM ak ONU konstate tou chif lan triple nan mwens pase 3 nwa.
Bagay la rive pi mwen pase sa a moun ta kapab imajine, si swadizan chèf gang yo pretann y ap dirije oubyen y ap mennen yon batay pou popilasyon an, aksyon yo diferan de sa a yo preche sou rezo sosyal yo, yo vyole, piye, kidnape menm sasinen moun ki konsidere yo kòm chèf zòn nan.
Li enpòtan pou n raple nan dènye rezolisyon ONU yo sou kriz sosyo politik Ayiti a, yo te deja anonse priyorite yo se te sanksyone gang ak zam yo ansanm ak sibvabsyonè yo, jiskaprezan poko gen yon dat ofisyèl ki anonse ni jou ni dat sòlda Meriden yo ap ateri sou sòl nasyonal la. Toutfwa gang yo kontinye ap taye banda epi vòlè byen sitwayen pèzib yo konstwi ak swè yo, pandan plizyè lane.
Facebook Comments