NETALKOLE

Premye minis Ariel Henry kontinye ak dyalòg yo

Biwo kominikasyon Primati a nan yon kominike li pibliye lendi 5 septanm lan fè konnen Premye Minis la, Doktè Ariel Henry, te fè yon ti chita pale  lendi 5 septanm lan  ak komisè gouvènman yo ak sibtiti yo ki soti nan dizwit jiridiksyon peyi a. 

Daprè kominike sila, newochirijyen an te rekontre ak Komisè gouvènman yo epi sibtiti yo ki soti nan dizwit jiridiksyon peyi a pou yo te ka fè deba sou plizyè pwoblèm ki konsène enterè nasyonal ak mezi yo dwe pran nan limit lalwa a pou kwape kèk abi yo obsève nan sistèm jidisyè a. 

Chèf Gouvènman ki se Ariel Henry, te mete aksan sou enperatif ak ijans pou konbat komès ilegal gaz la, ansanm ak moun ki fè mache nwa a ak pwodui estratejik sa a, kidonk moun ki ap vyole dispozisyon dekrè 20 desanm 1946 ki konsène mache nwa ak espekilasyon ilegal. 

Byen fèm pou mete yon fen nan ensekirite ak krim òganize sou tout teritwa a, Premye Minis la te pwofite bay yon avètisman kont tout liberasyon sispèk kriminèl notwa ki ap fèt nan peyi a. 

Premye Minis la te pale tou de rigè ki genyen nan jesyon diskisyon tè ;  batay kont detansyon prevantif pwolonje ;  amelyorasyon kondisyon prizonye  yo, ki nan detansyon nan prizon yo, san yo pa bliye batay esansyèl kont koripsyon an ki  se yon malè pou sistèm jidisyè a. 

Daprè Primati, chita pale sa a se te yon opòtinite pou Premye minis la te pale sou divès enkyetid konsènan paketye yo, sekirite yo ak mwayen yo bezwen pou akonpli misyon yo byen. 

Yon lòt bò Primati fè konnen, komisè yo ak sibtiti yo ki soti nan 18 jiridiksyon peyi a te ale satisfè ak pwomès Premye Minis la te fè e yo te pran angajman pou travay ansanm ak gouvènman an pou retabli konfyans ayisyen nan sistèm jistis peyi a ankò. 

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075

Laisser un commentaire