Premye Minis Jamayik la vizite peyi d Ayiti nan tèt yon delegasyon CARICOM

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
premye minis jamayik la vizite peyi d ayiti nan tèt yon delegasyon caricom

Premye minis peyi a, Ariel Henry te rankontre yon delegasyon Kominote Karayib la (CARICOM) ayè lendi 27 fevriye 2023 a, nan rezidans ofisyèl li. Nan tèt delegasyon sila, te genyen omològ jamayiken li, M. Andrew Holness.

Sou rezo sosyal li yo, Primati a fè konnen chèf gouvènman ayisyen an te mete sou tab diskisyon yo “ijans ki genyen pou mennen yon aksyon konkrè nan lide pou sekirite ka retounen tabli sou teritwa ayisyen an”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Sa ki konstitiye premye preyokipasyon gouvènman an ak yon kondisyon esansyèl pou eleksyon ka òganize”, Primati a sou Twitter ak Facebook.

Pa bò kote pa li, Premye minis Jamayik la, M. Andrew Holness deklare : “Gras ak vizit nou, nou montre n solidè avèk Ayiti e nou angaje n pou n travay ak yo pou yon rezolisyon kriz aktyèl la nan peyi sa.”

Responsab la di li note genyen kèk pwoblèm sekirite peyi d Ayiti ap konfwonte ki sanble tèt koupe ak pa Jamayik yo, men nivo pa Ayiti a destabilize teritwa a. Li fè konnen l deja diskite sou kijan CARICOM, Kanada ak lòt patnè l yo pral leve defi sekirite sa ki prensipalman lye ak aktivite kriminèl òganize yo oubyen ki gen rapò ak gang yo.

N ap raple nan kad reyinyon sila, peyi Kanada te konvoke, te genyen tou plizyè manm Jandamri wayal Kanada a, plizyè gwo dirijan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), chèf Kabinè sekretarya CARICOM nan, epi minis Jamayik, Baamas ak Trinidad ak Tobago yo. Yo te bwase lide pou wè nan ki domèn nesesè y ap ka bay sipò yo pou lapè ka tounen pa bò isit an Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.