Prezidan Abinader fè konnen “Leta a efondre nan peyi d Ayiti”

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
prezidan abinader fè konnen “leta a efondre nan peyi d ayiti”

Repiblik dominikèn kontinye ap travay sou kriz sosyopolitik la nan peyi d Ayiti chak jou pi plis nan lide pou li pa genyen konsekans sou teritwa li a. Prezidan Luis Abinader prezante yon akò sou peyi d Ayiti nan kòmansman semèn nan.

Lendi 27 fevriye a, nan yon diskou li te pwononse devan palman dominiken an sou responsablite ki dwe pran pou pwoteje Repiblik dominikèn, Luis Abinader te abòde yon sijè li jije ki genyen anpil enpòtans. Li pale sou repèkisyon kriz k ap travèse peyi d Ayiti aktyèlman an, genyen sou sosyete yo a.

Abinader deklare : “Sitiyasyon peyi vwazen an pa t janm dramatik konsa oparavan. Ayiti jounen jodiya se yon peyi ki devaste akòz divès kriz, Leta efondre, epi kominote entènasyonal la pa reyaji.”

Prezidan dominiken an, menm jan ak plizyè lòt lidè, te pwofite plonje nan kè pwoblèm sila epi mande pou yo “retire pwoblèm peyi d Ayiti a sou kont yo” epi pou yo jwenn yon akò nasyonal k ap pèmèt eli yo bay yon repons inanim pou defann ak pwoteje souverènte Repiblik dominikèn.

Luis Abinader mande pou tout fòs viv nasyon an mete tèt yo ansanm pou elabore ak ekzekite yon politik Leta nan zafè sekirite, defans ak politik etranjè, ki gen rapò ak kriz ayisyèn nan. Sa ap pèmèt, daprè li menm, chay la sot sou do Repiblik dominikèn ki fè tout sa l kapab pou l te ede Ayiti sòti nan sa l ye a depi kèk lane deja.

Facebook Comments

Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.