Prezidan Liga bay fo prèv nan dosye Negreira daprè jounal « La Vanguardia »

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
prezidan liga bay fo prèv nan dosye negreira daprè jounal la vanguardia

Daprè jounal « La Vanguardia », Javier Tabas voye fo dokiman bay pakè kap jere dosye sou 7,5 milyon ewo Barcelone te bay ansyen abit la, Negreira. Jounal la fè konnen, non ansyen prezidan Barcelone yo : Josep Maria Bartomeu ak Sandro Rosell site nan yon fo prèv yon ansyen prezidan Barcelone te ekri, Joseph Contreras ki mouri. Javier Tebas reaji sou kesyon sa, jodi lendi a.

Dosye Negreira pa sispann fè tole nan peyi Lespay, jodi lendi an prezidan Liga  Javier Tabas, reyaji sou kont Twitter li, pou l demanti jounal  » La Vanguardia » ki ta fè konnen li bay fo prèv nan dosye Negreira.

« Sa La Vanguardia ekri a se manti. Nou pa akize okenn moun. Redaksyon li menn li konfime sa n te ekri voye bay pwokirè a. Lèt n ap pale sou li a, pa gen okenn kote li akize moun. M. Conde Godo (prezidan-editè La Vanguardia), veye byen jounalis ou yo k ap bay manti. » Mesaj prezidan Liga sou kont Twitter li.

Yon lòt bò, prezidan FIFA, Aleksander Ceferin, te reyaji sou dosye a nan mikro « Ekipa » yon medya slovèn. Men sa li te di :

 » mwen menm, m enfòme sou koze sa, bagay yo grav anpil, se yon dosye ki kite grav deyè, se premye fwa depi m nan foutbòl m wè yon bagay konsa »

Dosye Negreira sa poko ap sispann toutotan lajistis espanyol pa di yon mo epi pran sanksyon kont ekip Barcelone nan, si tout fwa enfòmasyon yo ta vrè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article