Prezidan Nayib Bukele asire peyi Salvadò kapab rezoud pwoblèm gang Ayiti a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
prezidan nayib bukele asire peyi salvadò kapab rezoud pwoblèm gang ayiti a

Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, ki gen gwo repitasyon nan zafè batay kont gang fè yon anons ki kapab siprann moun lè l fè konnen jodi dimanch lan peyi l ap dirije an kapab rezoud pwoblèm ensekirite ki Ayiti an.

Nan yon piblikasyon sou kont X li, Chèf Leta Salvadò an fè konnen yo kapab rezoud fenomèn gang an Ayiti an depi yo kapab jwenn yon rezolisyon Nasyonzini, akò dirijan ayisyen yo epi kòb ki pou kouvri misyon sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

«Nou kapab rezoud sa. Men n ap bezwen yon rezolisyon Konsèy sekirite Nasyonzini an, konsantman peyi k ap resevwa a epi tout frè ki pou kouvri misyon an», pawòl prezidan salvadoryen an nou tradwi nan lang kreyòl.

Nayib Bukele, ki apèn repran tèt peyi Salvadò nan dènye eleksyon prezidansyèl lan, genyen gwo popilarite depi 2022 akoz kokennchenn batay li mennen kont gang yo nan peyi Salvadò kote fòs sekirite yo reyisi mete plis pase 75 000 bandi dèyè bawo.

N ap raple, pandan gang ame yo ap feraye an Ayiti e menm fikse pou objektif ranvèse gouvènman an plas la, Premye minis peyi a, Ariel Henry, bloke nan peyi etranje depi prèske 2 semèn, nan gwo difikilte pou ta retounen, pandan entènasyonal la ap fè gwo presyon pou l demisyone.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.