Punta Cana : Yon adolesant ayisyèn sibi vyòl anba men yon ajan imigrasyon dominiken

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
xr:d:dafuf5dgilk:5013,j:5275265728270525170,t:24041218

Yon ajan imigrasyon dokiminen fè kadejak sou yon ayisyèn ki gen sèlman 14 lane. Sa pase nan lakou Véron Punta Cana nan moman yon operasyon kont migran.

Imigrasyon nan peyi Sendomeng pa sèlman pran plezi nan pimpe ayisyen lakay yo an mas, kit yo gen papye, kit yo pa genyen. Selon dènye enfòmasyon nou rive jwenn, gen youn nan ajan sa yo ki mete men sou yon adolesant ayisyèn 14 lane jouk li arive vyole l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ajan sa te pwofite de yon operasyon ajan yo t ap mennen kont migran san papye yo pou l komèt zak sa. Selon militan kont dwa moun Santiago Molina, li te penetre domisil viktim nan pandan paran l pa t la. Aprè deli a, ajan an menase adolesant lan pou l pa revele sa.

Yon zak ki mete plis aksan sou vilnerabilite kominote ayisyèn nan fas ak otorite dominikèn yo sou teritwa pa yo a. Pou dayè, si n raple n yon ensidan ki te pase nan ayopò Sendomeng sa pa gen twò lontan, yon dam, akonpanye de pitit li, te sibi vyòl yon ajan ki te fòse l pase nwit la nan lokal la.

Malgre tout sa n konnen, repiblik vwazen an rete yon destinasyon pou anpil moun nan pèp ayisyen an k ap kouri pou ensekirite ak lamizè. Yon sitiyasyon k ap agrave jou apre jou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.