Pwofesè Inivèsite Leta Ayiti a, Auguste Alexis, jwenn liberasyon l nan aprèmidi lendi 7 novanm 2022 a aprè anviwon 10 jou anba men kidnapè.
Yon nouvèl ki soulaje fanmi pwofesè a ak kominote inivèsitè a ki te choke ak nouvèl kidnapin Mesye Auguste Alexis bandi ak zam te kidnape 30 oktòb pase a nan Taba 43.
Enfòmasyon an konfime jounen madi 8 novanm 2022 a pa pwòch fanmi pwofesè Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik lan san toutfwa presize si gen lajan ki bay.
Pwofesè Auguste Alexis anseye matyè kontablite nan FDSE, youn nan antite ki anndan Inivèsitè Leta a, epi ap dirije yon Inivèsitè prive ki nan kapital la.
Rektora Inivèsitè Leta a, menm jan ak Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik, nan de nòt separe, te denonse epi kondane anlèvman pwofesè a ki depi ayè lendi a rejwenn fanmi l.
Facebook Comments