Pwofesè Istwa Victor Benoît, pandan yon entèvansyon lendi 17 oktòb 2022 sa a sou ond radyo Galaxie te di li kont deplwaman yon fòs etranje an Ayiti. Politisyen an fè konnen meyè mwayen pou konbat ensekirite nan peyi a se ranfòse sekirite nasyonal la.
Pandan entèvansyon sa, pwofesè Benoît fè konnen peyi a fè eksperyans plizyè fwa ak misyon etranjè men pwoblèm ensekirite a toujou la pi rèd, epi li vin pi mal. Se sak fè Mesye Benoît di fenomèn ensekirite sa a merite yon apwòch ak plizyè dimansyon.
Pou pwofesè istwa a, pwoblèm ensekirite sa a gen plizyè nati, tankou nati ekonomik. Nan sans sa a politisyen an sigjere kèk mezi ekonomik k ap ede jwenn yon solisyon pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi a.
Yon lòt bò, Victor Benoît fè konnen pou yo derasinen koze gang nan peyi a dwe gen yon volonte politik pou sa rive fèt. “Depi plis pase yon lane, ekip dirijan an pa fè aksyon pou pwouve volonte li pou retabli yon klima lapè nan peyi a”, te deplore Victor Benoît.
“Pou kwape fenomèn ensekirite sa kap ravaje peyi a, nou bezwen ranfòse fòs sekirite nasyonal yo”, te deklare pwofesè Istwa, Victor Benoît.