Pwogram Biden: tout nouvèl aplikasyon yon esponsò soumèt pou menm benefisyè a, ka lakoz gen plis reta nan dosye a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram biden tout nouvèl aplikasyon yon esponsò soumèt pou menm benefisyè a, ka lakoz gen plis reta nan dosye a

Anbasad Amerikèn an Ayiti nan yon seri kesyon repons, pibliye sou Twitter, fè konnen si yon tretman aplikasyon pran plis tan li ta dwe pran, piga esponsò a voye yon lòt aplikasyon. Daprè Anbasad la, tout nouvèl aplikasyon yon esponsò soumèt pou menm benefisyè a, ka lakoz gen plis reta nan dosye benefisyè a.

Vrèman vre, Anbasad Amerikèn nan seri kesyon repons sa a, fè konnen, si Fòmilè I-134A yon benefisyè pran plis tan pase sa li te prevwa pou yo trete l, li enpòtan pou konsène yo kontwole eta Fòm I-134A la nan kont USCIS sou Entènèt oswa tcheke eta ki pi resan sou Case Status Online.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Tanpri sonje Sant Kontak USCIS la kapab sèlman bay menm enfòmasyon sou sitiyasyon ka w la ki disponib nan kont USCIS sou Entènèt ou a”, presize Anbasad Amerikèn.

Yon lòt bò, Anbasad Amerikèn an Ayiti raple, si tretman aplikasyon an pran plis tan pase sa yo te prevwa, piga esponsò a voye yon lòt aplikasyon.

“PA SOUMET YON NOUVO FÒM I-134A. Lè w soumèt yon nouvo Fòm I-134A nan non menm benefisyè a, sa p ap lakòz yon pwosesis pi rapid epi sa ka lakòz plis reta”, te afime Anbasad Amerikèn.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.