Pwogram viza imanitè : Etazini anonse nouvo mezi pou Kiben ak Ayisyen yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram viza imanitè etazini anonse nouvo mezi pou kiben ak ayisyen yo

Sekretè Sekirite Enteryè Etazini an, Alejandro Majorkas te anonse ayè Jedi 19 Janvye 2023 a nouvo kritè kalifikasyon pou Kiben ak Ayisyen pou pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la, Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse nan kòmansman mwa janvye a. 

« Kiben ak Ayisyen ki vwayaje pa lanmè epi ki rive sou tè Etazini yo, pap kalifye pou pwosesis viza imanitè a,  epi yo pral mete yo nan pwosedi depòtasyon, » te ekri Mayorkas nan yon tweet byen ta Mèkredi 19 janvye sa a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè sa Sekretè Sekirite Enteryè Etazini an te presize, sèvis siveyans fwontyè yo kenbe prezans yo nan Detwa Florid la ak nan Lanmè Karayib la pou kontrekare migrasyon maritim iregilye yo. 

Se sak fè, Alejandro Majorkas avèti tout  Ayisyen ak Kiben pou yo pa eseye antre ilegal nan peyi Etazini sou lanmè, paske daprè  sa li di, yon moun ki ta fè sa, ap rapatriye an akò ak lalwa ameriken, politik yo ak obligasyon trete entènasyonal yo. 

N ap raple nan dat ki te 5 janvye 2023, Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse  posiblite pou imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Ozetazini atravè pwogram sa a ki vize akòde jiska 30,000 pèmi chak mwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.