“Welcome Corps”, yon nouvo pwogram administrasyon Biden nan mete kanpe pou patwone refijye yo 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
“welcome corps”, yon nouvo pwogram administrasyon biden nan mete kanpe pou patwone refijye yo 

Gouvènman ameriken an atravè Depatman Eta a anonse ayè jedi 19 janvye a li inisye yon nouvo pwogram nan plan li yo k ap pèmèt refijye k ap rantre Ozetazini kapab fè sa san difikilte avèk sipò yon sitwayen ameriken.  

“Welcome Corps” (Kò dakèy nan lang kreyòl), ap pèmèt sitwayen ameriken yo fè migran rantre sou teritwa ameriken an san difikilte pandan y ap patwone yo, san yo pa bezwen sipò pyès ONG oubyen asosyasyon. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« “Welcome Corps” la reprezante pi gwo inovasyon nan zafè akèy refijye pandan 4 dènye deseni sa yo », se deklarasyon Sekretè d Eta ameriken an, Anthony Blinken, nan yon kominike. 

Gouvènman ameriken an fè konnen objektif yo fikse a se 5 mil refijye k ap jwi privilèj sila pou premye ane a. Prezidan Joe Biden fikse a 125 mil nonb refijye Lèzetazini ap otorize teritwa akeyi chak ane fiskal (Oktòb pou Oktòb). 

Se ap premye fwa yon sitwayen ameriken ap kapab patwone akèy yon refijye san l pa pase pa yon ONG oubyen yon asosyasyon. Lèzetazini konte mobilize jiska 10 mil ameriken pou akeyi 5 mil migran. Tout Ameriken ki vle fè sa ap gen pou pase nan kontwòl sekirite avanse yo epi bay prèv kapasite finansman li yo.  

Gouvènman ameriken an fè konnen pa gen pyès ensitasyon finansyè pou sipò sila yo kote moun ki enterese a dwe jis montre yo gen 2 275 dola meriken a kote pou refijye yo vle fè rantre Ozetazini an pandan 3 mwa. Kòb sa ap la pou l ka achte rad ak lòt pwodwi premye nesesite. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.