Pwoteksyon sivil denonse zak piyaj ki fèt nan youn nan lokal li yo nan Jeremi 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
pwoteksyon sivil denonse zak piyaj ki fèt nan youn nan lokal li yo nan jeremi 

Nan yon kominike ki parèt jounen samdi 10 septanm 2022 an, Direksyon Pwoteksyon sivil denonse zak piyaj ki fèt nan Sant operasyon ijans depatmantal Grandans lan jounen mekrèdi 7 septanm lan. 

Daprè Pwoteksyon sivil, aksyon sa yon gwoup moun kote ladan yo genyen ki te ak zam fè nan espas la, pote ale anpil materyèl ak ekipman ki te nan depo ak nan plizyè konntenè. Yon seri byen ki pa sèlman pou Pwoteksyon sivil depatman Grandans. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Direksyon pwoteksyon fè konnen egalman, nan materyèl ak ekipman sa yo ki pase nan piyaj sa ki fèt jounen mekrèdi a gen ladan yo ki te pou Croix Rouge ayisyèn e ki te la pou konstwi ak ekipe de lopital nan Koray ak Pestèl  

Direksyon pwoteksyon sivil fè konnen li pa p dekouraje, l ap toujou rete bò kote popilasyon an. Sou dega ki fèt yo nan Sant operasyon ijans nan Grandans lan, yo fè konnen yo pral travay pou remete Sant lan operasyonèl. Toutfwa, Direksyon pwoteksyon sivil raple popilasyon an responsablite l pou l pwoteje enfrastrikti ki la pou jere ka ijans yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.