Rafael Nadal ap retounen pou Masters 1000 lan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
rafael nadal ap retounen pou masters 1000 lan

Lejann tenis lan, Rafael Nadal ap rekòmanse jwe apre blese li mwa janvye ki sot pase a, yon blese ki te koz Espanyol la rate Open Australie a. Pou konpetisyon Masters 1000 lan kap fèt Monte-Carlo nan peyi Lafrans (9-16 avril) Majorquin an pral chache yon 12zyèm tit.

Aprè Blese Rafael Nadal la mwa janvye pase a, Marjorquin an deside retounen pou konpetisyon Monte-Carlo a, yon tounwa Espanyol la genyen rekò viktwa ladan l, se ap posibilite tou, pou li al deyè 12zyèm tit li. Yon objetik ki pral mande jwè a mete l nan bon kondisyon fizik epi reprann rit li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konpetisyon Monte-Carlo a, se ap yon posibilite pou Rafael Nadal kòmanse prepare tounwa Roland-Garros la, k ap fèt 28 me pou rive 11 jen 2023. Sa ki kapab 15zyèm tit li nan Roland Garros epi 23zyèm Grand Chelem nan karyè li.

Rafael Nadal ki rete konfyans avan konpetisyon Monte-Carlo, epi kwè nan lòt posibilite ki kapab vini aprè tounwa Master 1000 lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive