Lopital Fondasyon Saint Luc fè konnen nan yon nòt li pibliye ayè vendredi 23 septanm 2022 a, lap kanpe tout tout aktivite li yo. Òganizasyon Nos Petits Frères et Soeurs ak Fondasyon Saint Luc di rezèv gaz yo prèske fin itilize.
Se sak fè, akoz sititasyon sa, dirijan Fondasyon Saint Luc ak Petits Frères et Sœurs di yo ap lanse yon SOS bay prensipal founisè gaz yo pou pèmèt sovtaj rezèv li yo yon fason pou garanti kontinyasyon sèvis pedyatri pou 153 timoun ki etène lopital ak pou 47 fanm ansent nan matènite lopital Saint Damien elatriye.
Yon lòt bò, 2 antite yo mande otorite leta yo, sektè prive a ak endividi yo tou pou yo fasilite yon koridò livrezon pou 2 lopital mansyone yo men tou pou tout lopital ki nan menm sitiyasyon sa a.
Nap raple, gen plizyè lòt lopital ki ap fè ap menm sitiyasyon sa kote yo paka jwenm gaz pou yo fonksyone tankou lopital Providence nan Gonayiv ki te anonse ayè vendredi 23 septanm 2022a li kanpe tout sèvis ijans akoz yo paka jwenn gaz pou yo fonksyone.

