Nasyonzini bay lòd pou retire pèsonèl ki pa esansyèl li an an Ayiti 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
nasyonzini bay lòd pou retire pèsonèl ki pa esansyèl li an an ayiti 

Òganizasyon Nasyonzini bay lòd pou retire an Ayiti tout travayè entènasyonal ki pa esansyèl li yo akoz degradasyon sitiyasyon sosyopolitik yo ak sekirite travayè yo ki pa garanti, daprè yon atik jounal Miami Herald pibliye jounen vandredi 23 septanm 2022 a. 

Nasyonzini di li pran trè oserye dènye evènman ki rive yo nan peyi a kote travayè li yo pa alabri fas ak fenomèn kidnapin lan, san bliye atak ki fèt nan divès vil andedan peyi a kont plizyè depo alimantè òganizasyon an pandan dènye mouvman pwotestasyon yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòd ki vini 2 mwa aprè konsèy sekirite Nasyonzini an te fin vote pwolongasyon manda Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti an. Fas ak sitiyasyon sosyopolitik ak sekirite yo ki pa bay okenn garanti, Òganizasyon Nasyonzini mande retire nan peyi a tout travayè ki pa esansyèl yo. 

Yon enfòmasyon Stéphane Dujarric, pòt pawòl sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterrez, konfime pou Miami Herald san pou otan bay presizyon sou konbyen travayè desizyon sa konsène. Daprè Stéphane Dujarric, sistèm Nasyonzini an bay priyorite ak soutyen l ap bay gouvènman ayisyen an nan sak pi enpòtan yo. 

«Pèsonèl Nasyonzini k ap travay sou tèren yo pou mennen aktivite sa yo ap rete nan peyi a, tandiske lòt yo ap travay a distans », daprè pòt pawòl sekretè jeneral Nasyonzini an, ki kontinye pou di: «sistèm  Nasyonzini an ap siveye evolisyon sitiyasyon an pandan l ap prepare kapasite entèvansyon l pou posib bezwen imanitè grav». 

Daprè jounal dominiken Listin Diario, plizyè diplomat etranje ki akredite an Ayiti ta deja kite peyi a pou al enstale yo nan peyi Repiblik Dominikèn akoz agravasyon sitiyasyon sosyopolitik ak sekirite yo nan peyi a depi kèk tan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.