Real kraze Valladolid, Benzema fè 3 gòl nan 7 minit

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
real kraze valladolid, benzema fè 3 gòl nan 7 minit

Nan Bernabeu a, jodi dimanch lan, Real Madrid te san pitye pou Valladolid, jwè Carlo Ancelotti yo maspinen Advèsè yo a 6-0. Karim Benzema fè 3 gòl nan selman 7 minit. Real Madrid fè yon pwomenad fas Valladolid, men se 12 pwen ki separe l ak lidè Liga, FC Barcelone (71 pwen).

Ak 3 gòl nan 7 minit (29vyèm, 32zyèm, 35kyèm), Benzema ede Real Madrid genyen Valladolid 6-0 nan Bernabeu a, pou 27tyèm jounen Liga. Lòt bitè ekip Real yo se : Rodrygo (21nyèm), ki te ouvè mak la aprè ekip Valladolid te manke jwenn wout kan. Marco Asensio (73zyèm) epi Lucas Vazquez (90zyèm +1).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Youn nan meyè eleman ekip Ancelloti a, Vinicius pat rive make, men yon lòt fwa ankò li te bon pou Casablanca yo ak 2 pas gòl epi Eden Hazard te reyalize yon pas nan match sa.

Balon dò 2022 a monte nan 2zyèm plas klasman bitè chanpyona ak 14 gòl nan do Lewandowski ki gen 17. Ekip Ancelloti a kap gen pou l jwè mekrèdi fas Barcelone, yon lòt klasiko pou ane 2023, nan kad demi final retou Copa del Rey la, Real ki te pèdi 1-0 fas Catalan yo nan match ale a, dwe renondi

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive