Fanatik PSG yo kontinye ap rele chalbare deyè Messi

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
fanatik psg yo kontinye ap rele chalbare deyè messi

Fanatik PSG yo koupe fache ak Messi, depi aprè eliminasyon PSG nan Champions League la, sitiyasyon an ap mal tounen pou Champyon Mondyal 2022 a. Jodi dimanch lan, nan kad 29vyèm jounen Ligue 1 an fas ekip Lyon an nan Parc des Princes la, fanatik PSG yo sifle Messi, yon lòt fwa ankò.

Nan kòmansman match PSG a fas ekip Lyon an nan Ligue 1 an, fanatik yo sifle Messi aprè yo te fin anonse non l nan speaker estad la. Imaj jounalis Onrubia Ramos te filme yo montre kijan yon ekip fanatik tap sifle ansyen jwè Barcelone nan, nan Parc des Princes lan.

Fanatik yo montre yo pa dakò ak Messi, paske l manke enplike l nan PSG, jan l fè sa ak seleksyon Ajantin nan. Yon lòt, anpil  jounal fè konnen Messi pa anvi rete pou yon lòt sezon nan klèb kapital la. Sezon k ap vini li posib pou Pulga ta retounen nan FC Barcelone.

Se pa aprè Mondyal la, fanatik yo kòmanse sifle Messi, se depi defèt ekip PSG a fas Rennes avant Mondyal la. Istwa damou ki te ekziste ant Messi ak fanatik yo sispann, paske ekip la swaf tit. Pou anpil analis, pasaj Messi nan klèb la, san pran Champions League se yon echèk.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive