Real Madrid kalifye ak manyè pou demi final Champions League la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
real madrid kalifye ak manyè pou demi final champions league la

Nan kad match retou Champions League la nan Stamford Bridge la, jodi madi a. Real Madrid genyen Chelsea (2-0) ak manyè epi file pou yon 11zyèm fwa pendan 13 lane nan demi final Champions League la. Rodrygo fè 2 gòl epi pèmèt Merengue yo repete senaryo rankont ale. Ekip Ancelloti a aptann Manchester City oubyen Bayern Munich nan dènyè kare a. Bò kote ekip Chelsea a kalvè yo ap kontinye.

Real Madrid genyen Chelsea (2-0) nan kad kadefinal retou Champions League la nan Stamford Bridge la. Yon rankont Madrilèn yo metrize malgre yo sibi match la fas Blues yo. Valverde ak Rodrygo fè yon gwo match pou Real Madrid, Brezilyen an fè yon double. Vinicius kontinye ap mete anpwent li nan Champions League la, pou 21 dènyè match li jwe yo, li enplike sou 21 aksyon (10 gòl, 11 pas gòl).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ak yon defans ki rive defann byen, yon Courtois anfòm ki soti 2 gran parad fas Kante, yon mitan teren solid ak yon Valverde rapid nan rekiperasyon yo, ekip Ancelotti ap pouswiv chemin l nan pi gran konpetisyon ewopeyen an pou sezon sa.

Yon lòt bò, malgre rive Lampard nan tèt Blues yo anyen poko di ekip la kontinye ap pèdi. Pou 10 dènyè match Chelsea yo se 2 nil pou 8 defèt. Sitiyasyon an konplike pou klèb anglè ki nan mitan tablo Premier League la. Chelsea ki kapab rate Champions League la sezon kap vini.

Real Madrid li menm trankil ap tan Manchester City oubyen Bayern Munich nan demi final. Raple match ale a te fini 3-0 nan avantaj Citizens yo, mekrèdi batay l ap kontinye nan Allianz Arena.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive