CARICOM kontinye ap evalye kòman li kapab fè yon entèvansyon an Ayiti

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
caricom kontinye ap evalye kòman li kapab fè yon entèvansyon an ayiti

Sitiyasyon kriz Ayiti ap travèse depi kèk tan an kontinye rete nan sant diskisyon yo nan kominote entènasyonal la. Aprè Nasyonzini ak OEA, se tou pa CARICOM ki kontinye ap chache pi bon mwayen pou fè yon entèvansyon nan peyi a.

Nan yon pwen près ki bay ayè lendi an, Minis jamayiken afè etranje an, Kamina Johnson-Smith fè konnen kominote karayib yo kontinye ap evalye ki pi bon fason yo kapab fè yon entèvansyon an Ayiti pou ede estabilite retounen nan peyi an.

Kriz plizyè dimansyon sa k ap brase bil Ayiti dènye ane sa yo, prensipalman ensekirite ak lamizè an, reprezante yon menas pou sekirite enteryè lòt peyi yo nan rejyon an k ap resevwa pa pil ak pa pakèt migran Ayisyen k ap debake sou teritwa yo an.

Solisyon kominote entènasyonal la plis anvizaje pou fè fas ak kriz an Ayiti an, prensipalman ensekirite an, se entèvansyon yon fòs miltinasyonal k ap kapab konbat gwoup ame yo ki okipe depi kèk tan yon bon pati nan teritwa nasyonal la.

Nan menm kad dosye sa, gouvènman Bahamas la atravè premye minis li Phillip Edward Davis te deja fè konnen nan fen ane 2022 an peyi li an dispoze pou ta voye sòlda an Ayiti nan kad entèvansyon yon fòs miltinasyonal.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.