Real Madrid ofri 100 milyon ewo plis Eduardo Camavinga pou Jude Bellingham  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
real madrid ofri 100 milyon ewo ak eduardo camavinga pou jude bellingham 

Real Madrid vle rache J. Bellingham nan men Borussia Dortmund. Jwè anglè a ki te montre talan li ak tout kapasite li nan mitan teren ekip Angletè a pou Mondyal 2022 a resevwa yon pwopozisyon pou l ta rejwen ekip Real Madrid la pou 100 milyon ewo ak E. Camavinga.  

Aprè Mondyal la nan peyi Kata, Jwè Borussia Dortmond nan se jwè ki gen plis valè sou mache transfè a, kote Machester City ak Real Madrid vle genyen l pou mercato k ap vini la. 2 klèb sa yo prè pou yo bay anpil lajan pou sèvis Britanik la.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè « ‘Sky Germany' », Real Madrid pwopoze klèb alman an yon kantite lajan tèt chaje ak tout yon jwè pou fè vini Jude Bellingham nan ekip Casa Blanca a. Yon pwopozisyon ki se 100 milyon ewo + Camavinga. Sa ki ka koute Real 140 milyon ewo, jwè fransè a ki gen yon valè 37,3 sou mache transfè a.  

Real Madrid prè pou l negosye yon kontra pou jwè ki plis pwomèt nan jenerasyon l lan. Yon transfè ki kapab posib pou mercato nan ete a, malgre ajan Camavinga, ki se Jonathan Barnett pa apiye pwopozisyon Real Madrid la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive