Real Madrid pèdi nan Liga aprè imilyasyon l nan Lig dè Chanpyon an

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
real madrid pèdi nan liga aprè imilyasyon l nan lig dè chanpyon an

Aprè rakle fas ekip Manchester City a ( 4-0) nan demifinal retou Lig dè Chanpyon an, Real Madrid pèdi fas Valence (1-0) nan Mestalla a. Yon defèt ki mete Merengue yo nan 3èm plas Liga a ak 71 pwen nan do Atletico Madrid ki 2èm ak 72. Yon fè ki make rankont lan, Vinicius pran yon katon wouj aprè yon batay ak jwè Valence yo. Yon lòt bò, viktwa sa fè jwè Salvador Gonzalez yo pran distans yo ak zòn wouj la.

Yon semèn difisil pou ekip Ancelotti a ki sòti tèt bese nan Lig dè Chanpyon an epi ki pèdi 2èm plas nan Liga a. Pou 35èm jounen Liga a, Real Madrid tonbe fas Valence. Yon rankont ak anpil tansyon, anpil men. Nan 25èm minit, Diego Lopez te bay avantaj la ak Valence.

Nan dezyèm mitan an, malgre anpil okazyon, Real Madrid pa t rive jwenn egalizasyon an, Madrilèn yo te tonbe sou yon solid gadyen, G. Mamardashvili, ki te retire kèk bon balon pou Valverde ak Toni Kroos. Vinicius ki pa t rive jere tansyon match la, te sòti nan fen rankont lan aprè yon katon wouj.

Yon sezon difisil pou Madrilèn yo ki pran sèlman Copa del Rey la, pèdi Liga a fas pi gran rival yo, FC Barcelone, pran wont nan men ekip Manchester City a epi yo nan pozisyon pou yo fini 3èm si Atletico Madrid pa ta fè yon fo pa. Sa ki pouse anpil analis ap mande: eske Carlo Ancelloti ap rete nan tèt ekip Real Madrid la sezon k ap vini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article