Rèn Angletè a, Elisabeth II mouri 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
rèn angletè a, elisabeth ii mouri 

Rèn Elisabeth II mouri jodi jedi 8 septanm nan nan peyi Ecosse. Maten medsen ki t ap swiv li te fè konnen eta sante l preyokipe yo, tandiske fanmi l te gentan reyini nan chato Balmoral la an Ekòs kote l t ap viv depi kèk tan. 

Medsen yo te plase l sou siveyans medikal. Men malerezman li mouri ak 96 lane, se sa palè Buckingham anonse talè a la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Monak 96 lane, ki bat yon rekò pami dirijan ki viv pi lontan yo, te sot fete 70 lane rèy li sou pouvwa nan mwa jen ki sot pase la. Toutfwa pèsòn pa janm pale de pwoblèm sante li genyen yo, san konte li pat sispann bay nouvo fonksyon ak eritye dirèk li yo, Charles ak Williams. 

N ap raple, Elisabeth II vèv depi lanmò mari l Philip depi an avril 2021, byen avan l te gen 100 lane. Rèn nan te kòmanse ap dirije Wayom Ini depi 6 fevriye 1952, lè sa li te gen 25 lane, aprè lanmò papa li George VI. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.