Repiblik dominikèn pwofite feblès Ayiti pou ogmante referans li nan mond lan 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn pwofite feblès ayiti pou ogmante referans li nan mond lan

Minis Afè etranjè dominiken an, Roberto Àlvarez deklare depi aprè Repiblik dominikèn te foure bouch li nan koze kriz peyi d Ayiti a, li vin gen anpil zye k ap gade l nan rès mond lan yon lòt jan. 

« Sou gouvènman Luis Abinader la, imaj Repiblik dominikèn chanje. Sou kèk aspè, nou depase vizyon politik etranjè nou te travay sou li a. Menm si kèk lòt kote nou gen anpil wout pou n fè », se deklarasyon M. Álvarez. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chanselye dominiken an souliyen « yo te milite devan tout enstans entènasyonal yo pou sansibilize gwo aktè yo, tankou Sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres, ak plizyè reprezantan peyi manb Konsèy sekirite Nasyonzini an, pou te òganize divès rankont sou sitiyasyon peyi d Ayiti a”. 

Daprè li menm rankont sila yo, suit ak alèt gouvènman dominiken an te bay, fè plizyè peyi vin wè Repiblik dominikèn tankou yon patnè ak yon alye ki esansyèl pou fè pwogram lapè ak devlopman an Ayiti a vanse pi byen. 

Sa pèmèt yo menm rive chwazi Repiblik dominikèn kòm pwochen kote 10e Somè Amerik yo ap fèt an 2025. Y ap tou òganize Somè afè Amerik yo la tou, k ap reyini aktè ki pi enpòtan nan sektè prive emisfè a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.