Ekspòtasyon ze soti nan Repiblik Dominikèn pou ale vini Ayiti rekòmanse ayè Lendi 16 janvye 2023 a, atravè mache binasyonal Dajabón, daprè enfòmasyon jounal dominiken Diario Libre te rapòte.
Gouvènman Dominiken an, te sispann ekspòtasyon ze an Ayiti pou 15 jou, daprè sa otorite peyi vwazen an te fè konnen, yo te pran mezi sila a nan lide pou yo te kapab evite gwo ogmantasyon pri ze nan Repiblik Dominikèn.
Sepandan, Apre yo te leve entèdiksyon sa a, gouvènman Dominiken an ak asosyasyon pwodiktè ze yo, te dakò pou ogmante pwodiksyon pwodwi a tout pandan y ap garanti yon rezèv ak yon pri ki estab pou popilasyon Dominiken an.
Yon lòt bò, Manuel Escaño ki se prezidan Asosyasyon Nasyonal Pwodiktè Ze (Asohuevos) te di desizyon sa a otorite dominiken yo te pran pa t gen okenn enpak sou rediksyon pri ze yo nan peyi vwazen an, men pito te lakòz yon pèt de 132 milyon dola.
Daprè Manuel Escaño pandan entèdiksyon an, komèsan Dominiken yo te sispann vann yon milyon 600,000 ze chak jou.
Li enpòtan pou nou raple, peyi Repiblik Dominikèn pwodui nèf milyon ze pou konsomasyon lokal ak ekspòtasyon. Apeprè 20% pwodui sa a ekspòte nan mache ayisyen an.
Facebook Comments