Rezilta bakaloreya pèmanan fevriye 2023 a pibliye, enfòme MENFP

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
rezilta bakaloreya pèmanan fevriye 2023 a pibliye enfòme menfp

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen rezilta premye sesyon egzamen bac pèmanan ki te fèt fevriye 2023 pase a te pibliye. Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen tou rezilta sa yo disponib sou paj wèb Biwo Nasyonal Egzamen d Eta a depi yon semèn.

Pou gen aksè a rezilta sa yo, kandida yo ka kontakte Direksyon Depatmantal ki nan depatman yo a, oswa yo ka konsilte adrès elektwonik sa a:

https://bunexe.work/resultatbac

N ap note tès sa yo te reprezante premye gwo operasyon Sant Evalyasyon Pèmanan (CPEV) MENFP te mete sou pye. Yo te fèt soti 13 pou rive 16 fevriye 2023 a, te gen plis pase 19 000 kandida ki te patisipe nan tout teritwa nasyonal la, dapre done Biwo Nasyonal Egzamen Leta yo (BUNEXE).

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.