De match zanmitay pou seleksyon nasyonal ayisyèn bò kote medam yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
de match zanmitay pou seleksyon nasyonal ayisyèn bò kote medam yo

Nan kad preparasyon pou pwochen mondyal fanm yo k ap gen pou òganize nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann, seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap gen pou jwe nan mwa avril k ap vini la, de match zanmitay.

Grenadye yo ki te valide plas yo pou nevyèm edisyon Koupdimond bò kote medam yo, pral gen pou jwe nan match zanmitay kont Nijerya ak Panama pandan estaj preparasyon y ap gen pou reyalize, sòti 3 pou rive 11 avril k ap vini la nan peyi Latiki.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan, ap gen pou jwe nan yon premye tan kont seleksyon nijeryàn lan, nan dat 7 avril avan pou yo lanse yo nan yon batay 100% Concacaf kont panameyèn yo k ap prepare yo egalman pou pwochen Koupdimond lan.

Grenadye yo ki aktyèlman 55èm mondyal, ta pral kalifye nan baraj entèkontinantal yo avèk viktwa yo kont Senegal ak Chili ki ofri yon plas kalifikasyon istorik pou seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki pral patisipe pou premye fwa.

Nan Koupdimond sa k ap gen pou dewoule nan mwa jiyè k ap vini la sou kontinan Oseyani an, seleksyon nasyonal ayisyèn lan twouve l nan menm gwoup avèk Angletè, Lachin ak Dànmak.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.