Rezilta yo toujou poko ka vini pou FC Barcelone ak Xavi sou sèn ewopeyen an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
rezilta yo toujou poko ka vini pou fc barcelone ak xavi sou sèn ewopeyen an

Aprè yon match nil 2 gòl nan chak kan nan Camp Nou an semèn ki sot pase a, FC Barcelone tonbe jodi jedi a nan Old Trafford lan (1-2) fas Manchester United ki sinonim yon lòt eliminasyon byen bonè nan konpetisyon ewopeyèn yo.

Katalan yo ki te gen obligasyon  viktwa pou pase etap 16èm definal Europa League la, pèdi fas Red Devils yo (2-1) avèk de gòl Fred ak Anthony ta pral make nan dezyèm mitan an nan 47èm ak 73èm minit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Blaugrana yo ki t ap mennen depi byen bonè nan match lan gras ak atakan polonè a, Robert Lewandowski, nan 18èm minit sou pennalite, pèdi malgre sa epi kite konpetisyon Europa League lan san menm wè uityèm definal.

Aprè yon eliminasyon nan premye Lig dè Chanpyon sezon sa, FC Barcelone pran yon lòt echèk sou sèn ewopeyen an menm jan ak ane pase kote Eintracht Frankfurt te elimine yo nan Europa League.

Katalan yo k ap domine tèt klasman Liga a devan Real Madrid, toujou poko kapab enpoze yo sou sèn ewopeyen an depi aprè tit Lig dè Chanpyon yo te pran nan lane 2015 lan. Aprè de eliminasyon youn aprè lòt nan premye tou Lig dè Chanpyon an, katalan yo kite Europa League la jodi jedi an nan 16èm definal fas Manchester United.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.