Sante : MSPP ofri medsen rezidan k ap fè grèv yo yon ogmantasyon salè pou yo ka reprann travay

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
sante mspp ofri medsen rezidan k ap fè grèv yo yon ogmantasyon salè pou yo ka reprann travay

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an (MSPP) anonse li nan wout pou jwenn yon antant ak medsen rezidan yo swit ak pwopozisyon yon ogmantasyon salè anviwon 40% li fè pou yo ka leve grèv ki plannen sou do lopital jeneral depi 3 mwa.

Nouvo direktè HUEH (Hôpital de l’Université d’État d’Haïti), Doktè Jude Milcé fè konnen yo pa lwen jwenn yon akò pou aktivite yo ka reprann nan pi gwo lopital peyi a, kote jiskaprezan aktive yo paralize. Li fè deklarasyon sila yo sou Magik 9, nan kòmansman semèn nan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Responsab Ministè Sante Piblik la ,fè yon pwopozisyon ak medsen rezidan yo. MSPP ofri sila k ap fè grèv yo yon ajitasyon salè ak prèske 40%”, li deklare lendi 27 Mas la.

Pou kounya diskisyon yo ap kontinye ant pwotagonis yo nan lide pou aktivite yo ka reprann. Konsa tou, genyen lòt patnè ki pwomèt y ap ede sa fèt pi vit posib, se ka UNICEF ki pwomèt l ap fè yon don 10 mil galon gaz ak HUEH la pou ka rezoud pwoblèm eneji l ap konfwonte depi kèk tan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.