Sébastien Carrière pote lòt presizyon sou reta kòmand materyèl Leta ayisyen yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
sébastien carrière pote lòt presizyon sou reta kòmand materyèl leta ayisyen yo 

Akize kòm moun k ap bay manti pou gouvènman Kanada sou reta kòmand materyèl Leta ayisyen te fè pou ranfòse Lapolis la, Sébastien Carrière pote lòt presizyon sou dosye sa e fè konnen se yon pwoblèm ki gen pou wè ak kèk difikilte lojistik. 

Nan yon entèvyou HCI rapòte, anbasadè kanadyen an voye jete byen lwen enfòmasyon ki vle fè kwè reta sou materyèl Leta ayisyen kòmande yo se ta yon estrateji peyi Kanada mete sou pye pou kapab fè yon entèvansyon militè an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou Sébastien Carrière, pawòl sa yo se fo nouvèl, ki pa gen anyen pou wè ak so koze a ye vrèman, ki sèlman poko ka rive Pòtoprens akoz pwoblèm lojistik. Anbasadè a di li espere toutfwa de pati yo ap rive jwenn yon bon pòt sòti nan yon tan tou kout. 

Sou kont Twitter li, anbasadè kanadyen te deja eksprime li pou fè konnen pyès moun pa pran plezi nan reta sou kòmand materyèl yo e tout pati konsène yo mete tout bagay an plas pou kapab aranje sa. 

Byen avan sa, diplomat la te presize kontra ak tout detay yo sou kòmand materyèl Leta ayisyen te fè pou ranfòsman Lapolis la gen pwoteksyon konfidansyalite komèsyal nan peyi Kanada. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.