Lwa nan tèt bandi Savyen yo poko fin bwè san nan depatman Latibonit 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
lwa nan tèt bandi savyen yo poko fin bwè san nan depatman latibonit 

Gwoup gang nan lokalite Savyen an anpil moun konnen sou non « Baz Gran Grif », pa sispan simen latwoublay nan depatman Latibonit peyi a, ayè jedi 13 oktòb la, yo egzekite 2 moun ki te abò yon motosiklèt ki ta pral nan penitans yo. 

Malgre presyon gouvènman Ariel Henry a ap mete sou bandi yo pou defoule yon fòs militè etranje nan degwann yo, se atò yap simen dèy nan mitan popilasyon an, Lapolis la ki deja pran anpil mezi nesesè pou kwape zak sa yo ki pa sispann repete a nan peyi a, bandi yo yon lòt fwa ankò pa brennen. 

Idantite 2 moun sa a yo ki mouri anba bal kriminèl san fwa ni lwa « Baz Gran Grif » la, rete enkoni pou redaksyon NAK MÉDIA, sitwayen yo jwenn lanmò yo byen bonè laten 13 oktòb la nan yon zòn ki rele « Kafou Pèn » ki sitiye andedan depatman Latinonit lan. 

Selon plizyè sous lokal ki gen anpil kredi sou yo, se bandi ki fè pati « Baz Gran Grif » yo ki komèt 2 zak sasinay sila yo, aprè yo ta fin kreye sèn panik yo a, yo sove ak moto viktim yo toutfwa, yo te kite kò 2 moun yo ap benyen nan san yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.