Depi kèk lane gang ak zam ap fè lapli ak bon tan nan peyi a, kote y ap opere san okenn enkyetid, san otorite yo, ki responsab sekirite popilasyon an pa pran responsablite yo, nan lide pou pèmèt popilasyon an viv alèz. Soti janvye 2022 pou rive mas 2023, omwen trant (30) doktè te kidnape, daprè yon nòt Asosyasyon Medikal Ayisyèn an (AMH).
Vrèman vre, Asosyasyon Medikal ayisyen an eksprime enkyetid li ak endiyasyon li devan sitiyasyon krim grav sa a, ki afekte sitou pwofesyon medikal la. Daprè sa AMH fè konnen, gen omwen 10 doktè ki deja viktim zak kidnapin nan peyi a, soti janvye 2023 a pou rive nan mwa Mas 2023 a. Pwofesyonèl sa yo kidnape nan diferan sikonstans.
« Fanmi Doktè Geneviève Arty, Sosyete Pedyatri Dayiti ak AMH, pa resevwa okenn nouvèl sou viktim nan depi jedi 2 fevriye 2023 a, ki se dat yo te kidnape pèsonèl lasante a », te deplore Asosyasyon Medikal Ayisyèn an, ki kontinye pou mande, yon lòt fwa ankò, liberasyon san kondisyon pwofesyonèl medikal sa yo, « ki dedye egzistans yo nan chèchè byennèt popilasyon an, souvan ki nan yon kondisyon ekstrèm difikilte ».
Se sak fè, Asosyasyon Medikal Ayisyèn mande Gouvènman ki la kounya, pou li aji nan lide pou mete yon fen nan sitiyasyon grav kriminèl sa a, ki febli estrikti ak paralize lavi nasyonal la.
Facebook Comments