Paris Saint-Germain echwe yon lòt fwa ankò nan Lig dè Chanpyon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
paris saint germain echwe yon lòt fwa ankò nan lig dè chanpyon an

Malgre tout gwo envestisman depi rive katari yo, Paris Saint-Germain toujou poko ka ranpòte premye tit Lig dè Chanpyon nan palmarès yo. Parizyen yo pran yon lòt echèk nan konpetisyon sa aprè defèt yo jodi mèkredi an (2-0) fas Bayern Munich.

Paris Saint-Germain ki te nan obligasyon pou genyen nan Allianz Arena a aprè yo te fin pèdi match ale an (0-1) nan Parc des Princes lan, elimine nan uityèm definal Lig dè Chanpyon an sezon sa aprè tikè ale-retou yo pran nan men Bayern Munich lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Parizyen yo ki te debake an Almay pou chavire ekip Bayern Munich lan, epi asire kalifikasyon yo pou kadefinal Lig dè Chanpyon an, rate opòtinite sa jodi mèkredi an kote yo anrejistre yon dezyèm eliminasyon youn aprè lòt nan uityèm definal konpetisyon an.

Malgre prezans Lionel Messi ak Kylian Mbappé nan atak la, Paris Saint-Germain elimine nan Lig dè Chanpyon an fas Bayern Munich ki genyen yo (2-0) sou de gòl Eric Maxim Choupo-Moting (61’) ak Serge Gnabry (89’) ta pral make.

Katari yo ki deja envesti yon pakèt lajan pou fè jwè vini depi rive yo an 2011 nan klèb la, toujou poko ka ofri PSG premye tit Lig dè Chanpyon nan iswta l kote nan anviwon 12 sezon yo fè sèlman yon final (2020) kòm pi bon rezilta yo nan foutbòl ewopeyen an.

N ap raple, atakan brezilyen an, Neymar, rate seri uityèm definal sa aprè blese li te pran nan match fas Lille lan ki lakoz li pral pase ant 3 a 4 mwa deyò tèren, aprè operasyon li pral gen pou fè nan cheviy dwat li an ki souvan anpeche l jwe yon sezon konplè dènye ane sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.