Sergio Busquets pran retrèt entènasyonal li ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
sergio busquets pran retrèt entènasyonal li ! 

Sergio Busquets anonse jodi a li pran retrèt li nan sa ki gen pou wè ak foutbolt entènasyonal la. Kapitèn seleksyon Panyòl la p ap pote mayo ekip la ankò. 

Mondyal FIFA Kata 2022 te dènye randevou Sergio Busquets ak Roja a. Mitan teren lejandè a apenn anonse li p ap jwe nan koze seleksyon ankò. Espay apenn pèdi dènye jwè ki te la nan mitan teren ki te chanpyon Mondyal avèk li a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Busquets pase 13 lane ap pote mayo ekip Espay la. Pandan tout ane sa yo, li jwe bò kote yon pakèt lejann foutbòl panyòl la konnen nan listwa l. Jwè FC Barcelone nan te chanpyon Koupdimonn 2010 la ak Koup Ewòp 2012 la ak Roja a. 

Foutbòl wo nivo a pa lwen fini pou Sergio Busquets. Anpil siy fè n konnen se dènye sezon l ap jwe sou koulè ekip Barça a. Jwè a sanble pral evolye nan MLS la lòt sezon. A 34 lane, anpil paj kòmanse ap fèmen pou Sergio Busquets. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.