16 desanm, yon dat enpòtan nan lavi politik Òganizasyon Fanmi Lavalas 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
16 desanm, yon dat enpòtan nan lavi politik Òganizasyon fanmi lavalas 

Jounen 16 desanm 2022 a fè egzakteman 32 lane depi Ayiti te òganize pou premye fwa yon eleksyon demokratik ki ta pral mennen Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a kòm prezidan nan lane 1990. Òganizasyon politik Fanmi Lavalas komemore dat sa ki gen yon enpòtans kapital nan lavi politik pati a. 

Nan yon nòt piblik ki pote dat 15 desanm 2022 an, Òganizasyon politik Fanmi Lavalas raple dat sa kote lidè pati a, Jean Bertrand Aristide, te genyen eleksyon yo an 1990 nan premye eleksyon demokratik ki te òganize nan peyi a aprè peryòd diktati Duvalier an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fanmi Lavalas, nan nòt sa, drese yon tris tablo sou sitiyasyon peyi a kote 32 lane aprè, lènmi demokrasi yo rive brize rèv pèp ayisyen an ki te bay, nan lane 1990, yon leson demokratik ak fòs fènwa yo lè yo te chwazi mete Jean Bertrand Aristide kòm prezidan pou pote chanjman ak revandikasyon mas yo. 

Pati a fè konnen, dat 16 desanm 1990 la gen yon enpòtans kapital pou pèp ayisyen an ki te konnen yon viktwa istorik ki te reprezante yon sous limyè sou chimen delivrans lan paske sistèm predatè sa se yon kansè pou tout sosyete a. 

Òganizasyon Fanmi Lavalas kwè, si pa t gen koudeta 7 mwa aprè, pwoblèm sosyal fondamantal yo t ap rezoud pou pèp ayisyen an avèk jistis, transparans ak patisipasyon tout moun. Melerezman, daprè pati a, koudeta touye rèv pèp ayisyen an. 

Pati a plede pou òganizasyon eleksyon yo tankou sa k te fèt an 1990 yo, men avan tou fòk sekirite retabli nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.