Shabba klarifye kèk bagay sou enplikasyon Blondedy ak konpòtman D-Perfect nan Ekip

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
shabba klarifye kèk bagay sou enplikasyon blondedy ak konpòtman d perfect nan ekip

Nan mikwo Guy Wewe, Shabba t ap esplike relasyon l genyen ak Blondedy. Li demanti rimè ki ta fè kwè aktris la gen men l poze sou gwoup la. Li pwofite pale de konpòtman D-Perfect li apresye.

Anpil rimè ap kouri sou jan yo wè Blondedy pwòch Ekip MusiQ. Shabba, lidè gwoup sa, deside mete tout bagay klè nan mikwo Guy Wewe. “Blondedy se yon zanmi, depi avan, Ayiti, lè l te konn jwe movie. Se tankou yon sè l ye pou mwen. Li vin avèk D, m ba l love la m ba l respè a”.

- Advertisement -
Ad imageAd image

L ale pi lwen pou l montre limit ki genyen ant zafè zanmi epi zafè pwofesyonèl. Yon fason pou l di prezans Blondedy Ferdinand pa deranje gwoup la. “Men se pa yon moun ki foure bouch li nan bagay Ekip. Se pa yon moun ki konn ap di ‘D ou pa pral jwe bal'”, li fè konnen.

Sou koze moun k ap di D-Pefrect pa patisipe nan pwomosyon gwoup la akoz biznis madanm li, Shabba te gen mo pa l pou l di : “M pa di D pa fè pwomosyon. Kòm li pi jèn pase m, m konn di l ‘poukisa w pa poste tèl bagay’, lè m gade m wè l sou stati l. Li di stati a pi fasil. Li pi jèn, li ka pi konn rezo sosyal yo. Se poste li poste, sa pa vle di se pa pwomosyon l pa fè”.

Li voye kout chapo pou chantè a ki gen yon konpòtman egzanplè daprè li e ki enplike nòmalman nan gwoup la. “Se pa yon nèg si yo bezwen l pou djaz la li pa la. Se pa yon nèg k ap fè entèresan pou l di l pa pral jwe tèl bal”, li te fini pou l di.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.