Richard Senecal esplike sa k fè p ap janm gen Barikad 2

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
richard senecal esplike sa k fè p ap janm gen barikad 2

Barikad se youn nan fim ki te make koumansman ane 2000 yo nan peyi Dayiti. 20 lane aprè, moun yo rete ap tann swit fim sa. Reyalizatè a, Richard Senecal, esplike poukisa p ap gen swit.

Li te kòmanse pou l esplike istwa ki kache dèyè pwojè sa a. “Pwojè fim sa kòmanse aprè depa Jean Claude Duvalier, epòk 1986-87, lè gen 2 jèn senaris Ronald Dedais et Jean René Aubourg ki te vini yo te pwopoze m senaryo sa ki te deja rele Barikad ».

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Fòk mwen di nou alepòk barikad politik yo te kòmanse pran lari a. Men fim sa pa t gen pretansyon abòde sistèm barikad politik la men l te plis gen pretansyon abòde yon seri de barikad mantal, on seri de diskriminasyon ki genyen nan sosyete a », sa li kontinye eksplike.

Senecal te jije gen pase men ki pou te fèt nan senaryo a. « Nou te pase petèt yon dizèn ane ap travay sou senaryo sa. Gen anpil chanjman ki te fèt nan senaryo a, nan fen an pa egzanp ». Nan senaryo orijinal la, yo te prevwa pwotagonis yo t ap mouri nan fen fim nan. Senecal te twouve sa fòse, pa ase reyalis.

Rayalizatè te opte pou yon separasyon pito ant de moun yo nan fen fim nan. « Separasyon sa li la pa demontre nan sosyete a gen yon seri pwoblèm k ap travèse l ki ka fè menm lanmou pa ka simonte yo ». Li esplike moun yo dwe « travay sou yo menm anndan sosyete a pou yo pote chanjman, evite divèjans sa yo ki yon ti jan brital ».

Li panse li t ap difisil pou l pa fè sa moun yo ap tann de yon swit pou fim sa. « Moun yo ap tann nan fen fim nan de moun yo retwouve yo, menm jan nan yon kontdefe. Pou yo renmen, yo ansanm, yo fè anpil pitit”. Selon li menm “Sa poze anpil pwoblèm. Li ale a kontresans de mesaj fim nan ki se barikad : barikad vle di yon bagay ki difisil pou travèse ».

Yon fen jan moun yo t ap tann li an pa t ap aranje ekip ki travay sou fim nan. Li t ap elwanye yo de premye objektif yo. « Li yon ti jan anbetan tou paske li kraze tout sispens ki te kapab genyen nan pwojè a. Depi fim nan kòmanse, ou deja panse l ap g on fen erez », li deklare.

Richard Senecal pa t vle pran chans deranje mit Barikad kreye a. « Poukisa pou w f on fim si pa gen sispens ? Poukisa pou w f on fim si mesaj ou te vle fè pase a li kraze ? M panse youn nan rezon ki fè Barikad rete yon fim mitik se jisteman paske fòs mesaj la toujou rete sa l ye a jis kounya ».

Reyalize a panse yon dezyèm fim pa t ap pote anyen anplis, sinon fè lajan. Pandan 20 lane yo te jwenn plizyè pwopozisyon pou yo te « pran woulib sa ». Tout sa k te entèrese yo se te veyikile mesaj sa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.