Sitiyasyon an konplike pou Ansu Fati nan ekip Barcelone nan

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
sitiyasyon an konplike pou ansu fati nan ekip barcelone nan

Yon lòt sezon difisil pou Ansu Fati nan klèb Catalan an, pou sezon sa jwè a fè sèlman 6 gòl ak 3 pas gòl pou 1 138 minit li jwe. Sa ki enkyete papa jwè a, Bori Fati, ki menn pote Mateu Alemany (direktè foutbòl) ak Jordi Cruyff (direktè espòtif) plent pou jan y ap jere jwè a sezon sa.

Papa Ansu Fati pote plent bay kèk kad nan staff ekip Barcelone nan, pou fason ekip la ap jere jwè a, yon tretman antouraj Ansu Fati pa renmen ditou, paske nimewo 10 Catalan pa jwe ase pou sezon sa. Estatistik li yo fèb anpil, pou sezon sa, se selman 6 gòl ak 3 pas gòl, sa ki tris pou yon jwè ki te pwomèt anpil.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, ekip Barcelone nan konprann sitiyasyon jwè a, ki kritik, men yo pa kapab fè pale anpil ak sa, paske ekip Barcelone nan se yon ekip Xavi ap konstwi. Men antouraj jwè a montre yo pa kontan paske Ansu Fati ap bwè ban. Kidonk, yap tann fen sezon an pou yo pran yon desizyon pou avni jwè a.

Raple kontra Ansu Fati ap bout nan klèb Catalan an 2027. Dirijan Barça yo rasire, Bori Fati, konfyans yo gen nan jwè a. Rete tann ki desizyon antouraj jwè a ap pran si sitiyasyon an pa ta evolye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive