Yon manda entènasyonal pou arete ansyen DG BMPAD Patrick Noramé

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon manda entènasyonal pou arete ansyen dg bmpad patrick noramé

Jij enstriksyon Jean Wilner Morin mete ayè lendi 27 mas 2023 a yon manda entènasyonal pou arete ansyen direktè jeneral BMPAD la, Patrick Noramé, pou detounman fon piblik ak blanchiman lajan.

Daprè yon ankèt Inite lit kont koripsyon (ULCC) ta pral transfere bay lajistis nan lane 2021, Patrick Noramé ki te dirije BMPAD sòti 2016 pou rive 2017, ta detounen plis pase 124 milyon goud ki te pou trezò piblik.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ansyen direktè Biwo monetizasyon pwogram èd pou devlopman an ta sèvi ak yon pakèt antrepriz ki pa t egziste reyèlman pou detounen yon kantite lajan ki te rantre nan yon don diri peyi Japon te bay Ayiti pandan menm peryòd sa.

Pou rezon sa yo, majistra Jean Wilner Morin mande Entèpòl pou arete Patrick Noramé epi retounen l Ayiti pou kapab reponn kesyon sou divès akizasyon sa yo. Raple, depi 2021, ansyen direktè BMPAD la te deja gen yon manda rale mennen vini kont li.

Nan menm kad dosye sa, ULCC rekòmande pou mete aksyon piblik an mouvman kont yon latriye moun ki idantifye kòm pwòch Patrick Noramé e ki ta enplike nan kokennchenn aktivite koripsyon sa yo ki fè tò ak Leta ayisyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.