Siyifikasyon ak sans kèk mo ak ekspresyon Kreyòl

Revital Lynch
ParRevital Lynch

Nan Kreyòl Ayisyen an gen anpil mo ak ekspresyon nou konn mal jije, poutan menm mo sa yo nan yon lòt lang, konn pa gen menm konpleksite a, an fransè ki se dezyèm lang pèp Ayisyen an, li konn fasil pou yon moun aksepte yon jouman poutan, li vekse pou menm jouman sa nan lang manman l ak papa l la. Nan okazyon jounen lang kreyòl la, ki selebre nan dat 28 oktòb, li enpòtan pou n dekouvri kèk mo ak ekspresyon ak sans yo nan kèk lòt lang ki gen rapò ak mo sa yo, pou n wè pi klè.

Mwen di tout moun lonè, souvan lè w parèt yon kote ou frape pòt la ou gen tandans di mo sa : LONÈ, pa etone yo reponn ou RESPÈ, se yon tandans ki nan koutim ayisyen, kote anpil granmoun rapòte mo sa yo sòti nan peryòd tan kolonizasyon. Lè yon vizitè vin lakay ou li te kon itilize ekspresyon fransè ON Y EST, pou l anonse li rive, nan règ byenseyans, moun ki ap resevwa a konn reponn ESPÈRE pou l mande vizitè a tann avan l ouvri. Sa rete nan koutim pèp Ayisyen ak tout defòmasyon an men li rete yon règ byenseyans.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap kntinye seri mo ak ekspresyon yo ak KAKA SAN SAVON. Ekspresyon sa gen move sans pou Ayisyen, paske di yon timoun kaka san savon se di l fèt san papa, men li ka pa nui menm Ayisyen sa, si yo di timoun lan mo fransè batard lan. Nan tout sans se menm koze yo, li pa rekòmande non plis pou di yon timoun kaka san savon, prefere w di òfelen.

SANZAVE, yon mo anpil moun renmen sèvi ak li pou jouman men yo pa vrèman konn sa l vle di. Anpil moun pa t rive bay yon repons sanse pou mo sa paske yo pa vrèman konn sans li. Nan rechèch nou, mo Sanzave a se yon derive de ekspresyon fransè sans aveux, ki vle di yon moun ki pa gen twòp valè, ni twòp enpòtans, yon moun san fwa ni lwa. Li ka vle di tou, yon moun kap regle move zak an kachèt, bagay moun jennen pou pale.

Pou n fini nap kite sa nan FISTIWONN nou. Mo fistiwonn oubyen fistiwann soti nan yon kontèks istorik. Se aprè echèk prezidan Élie Lescot ki te pran pouvwa a an 1941. Lescot te gen pou l fè yon manda 5 an, nan konkonbrèt li ak gouvènman ameriken, li panse l te ka pwolonje manda l la pou dizan. Nan fen manda a prezidan Lescot te kòmanse fè pwomosyon pou l ka kite pouvwa an 1951. Ameriken yo te fè prezidan an konprann li ka kite pouvwa a lè l vle, konsa depi l’ap fini yon diskou, li te toujou ap repete ekspresyon anglè fifty-one ak yon konfyans.
Malerezman pou Lescot, jounen 7 janvye 1946 la, te make yon gwo chanjman nan sitiyasyon an, yon grèv kèk etidyan te lanse, te vin jeneral, konsa yon gwo revolisyon te eklate. Ameriken yo te vire do bay prezidan an jan yo toujou fè sa nan anpil ka konsa. Kat jou aprè nan jounen 11 janvye 1946, Lescot te kouri kite pouvwa a. Pèp la te tèlman kontan yo te pran rele nan fifty-one Lescot, nan fifty-one li. Pwoblèm lang ak ekspresyon vin koz yon defòmasyon, mo fifty one lan vin tounen fistiwonn konsa mo a rete nan lang lan ak tout defòmasyon an.
An reyalite mo sa souvan itilize lè moun lan vle di nan « dèyè », « bouda », « mounda », lè ayisyen pa deside di fistiwonn lan yo konn itilize mo fif, tankou men nan fif ou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.