Snoop Dogg peye yon moun 50 000 dola pa ane pou woule jwen pou li

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
snoop dogg peye yon moun 50 000 dola pa ane pou woule jwen pou li

Tout moun konnen Snoop Dogg pa negosye jwen bòz li. Nan adiksyon li gen pou l fimen, li menm arive peye yon moun 50 000 pa ane pou li woule jwen pou li senpman.

Atis yo se moun ki souvan gen yon tretman ak avantaj lòt moun pa jwenn. Prestij ak kapital yo pèmèt yo gate tèt yo nan fason moun pa ta panse. Snoop Dogg ki gen yon gwo istwa lanmou ak konsomasyon kanabis arive plase yon anplwaye espesyal nan domèn sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Moun sa se yon anplwaye a tan plen ki la sèlman pou l woule jwen bòz pou li. Anplwaye sa rantre yon afè de 50 000 dola vèt nan espas yon lane. Yon chif ki ogmante ak enflasyon an.

Richès rapè a pèmèt li privilèj sa, yon moun k ap woule jwen nan plas li. Lè yo te mande Snoop poukisa li gen bezwen yon moun pou fè djòb sila a, pandan l te nan yon emisyon nan televizyon, li te kontante l reponn : “Mwen pa gen tan”. Orè rapè a vrèman chaje. Li te rapouswiv pou l di : “Si w bon nan yon bagay m bezwen, m anboche w, sa senp”.

Ranagade Perrana se non dam Snoop te konn peye pou fè travay sa. Li konfye li te konn woule 75 pou rive 150 jwen pa jou. Li te di tou Snoop pa janm mache san yon jwen sou li. Selon sa enfòmasyon yo ta fè konnen, li ta san travay pou moman an. Alòs, kiyès k ap woule jwen pou rapè a nan moman an ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.