Sitiyasyon an nan Maryani rete pa chanje, malgre entèvansyon lapolis yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
sitiyasyon an nan maryani rete pa chanje, malgre entèvansyon lapolis yo

Depi nan kòmansman janvye 2024 la pou rive jiska maten 5 janvye a, kout bal pa sispann chante nan katye Maryani, ki chita ant komin Kafou ak Gresye. Malgre entèvansyon lapolis yo k ap miltipliye, sitiyasyon an toujou rete menm jan an.

Sitiyasyon an chak jou pi plis ap anpire sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan Maryani. Mete sou kamyon prezime kriminèl yo kwaze sou wout la, moun k ap sòti nan gran Sid peyi a pou rantre nan kapital Pòtoprens se yon kas tèt chinwa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon ki viral sou entènèt la, genyen plizyè kamyon ki kwaze nan nivo ponp gazolin Nenel Cassy an, lè w fin kite bò plaj la. Bò Union Quincaillerie gen machin ki kwaze tou pou anpeche tout sikilasyon yo.

Anpil chofè moto pran risk pase, men se yon estrateji ki mete men nan tèt paske bal ap chante pasi pala.

Plizyè kamyon machandiz ki te dwe kite kèk vil pwovens pou rann yo nan kapital peyi a bloke, manje tankou bannann, yanm, zoranj, kowosòl, lamveritab, pou n site sa yo sèlman, ap pouri nan machin ki te vle rantre yo, toujou daprè sous lokal yo.

“Moun yo se nan machin yo yo dòmi, genyen se atè bò wout la yo lage kò yo”, deklarasyon kèk sitwayen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.