Stanley Dronette Ki gen nom atis li Stan, kise youn nan manm label Evazyon Mizik D-Fi Powèt Revòlte ap dirije jwenn liberasyon li kèk tan aprè plizyè moun te fè yon mouvman leve kanpe devan Ministè jistis pou mande liberasyon li.
Stan te jwenn arestasyon l nan lannwit 28 dawou 2021 an, nan zòn delmas 75, kote li t al jwe nan yon fèt kòm atis, nan moman operasyon sa lapolis te arete yon ventèn moun anviwon, pami yo te gen 5 atis , nou kapab site Cisco Lafrance, Wellborn kise rapè nan Kolektif Powèt Revòlte ak Stan.
D-Fi kise youn nan vizaj Ki pi popilè nan evazyon mizik te tweet Pou l fè konnen Stan, jwenn liberasyon li aprè plizyè jou li pase nan komisarya delmas 33 e kèk nwit nan penitansye nasyonal .
Moun nou renmen yo , Epi tout rès la se pousyè. Pawòl kite akonpaye yon foto D-Fi ak Stan aprè l soti nan prizon.