Stevybeat : « Mizik se youn nan mwayen ki pi efikas pou touche konsyans moun »

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
stevybeat « mizik se youn nan mwayen ki pi efikas pou touche konsyans moun »

Sa gen kèk tan, Stevybeat te soti mizik ki gen pou tit « Je te promets » a nan lide pou l chante lanmou ak lespwa pou peyi l. Jèn atis sa k ap evolye nan peyi Brezil te fè Yon chita pale ak NetAlKole kote l te evoke mizik sila a, karyè l, ak eta peyi l.

Pale n de Stevy Beat. Depi kilè w ap feraye nan mond mizikal la ?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mwen se Stevenson Nelson, moun plis konnen m sou non Stevybeat. Mwen se yon chantè, konpozitè epi pwodiktè. M ap evolye Brezil sa gen anviwon 6 lane. Mwen chante nan plizyè tandans tankou Pop, konpa, reggae epi afwo. Mwen chante tou nan plizyè lang tankou Pòtigè, Anglè, Fransè epi Kreyòl.

Mwen kòmanse nan mizik depi tou piti, sou enfliyans manman m ki se konpozitris.

Je te promets, kisa tit sa reprezante pou ou ? Esplike n pwosesis kreyasyon mizik sa.

Je te promets vle di yon pakèt bagay pou mwen ; se tankou yon renesans pou mwen pa rapò ak ansyen pwojè mwen yo. Anplis de sa, sa m rakonte nan mizik sa se yon swè m ap dolote sa gen kèk tan.

W ap chante lanmou, lespwa… Èske w panse mizik ka patisipe nan yon « prise de conscience » nan jan peyi a degrade a ?

Mizik se youn nan mwayen ki pi efikas pou touche konsyans moun, mwen panse ak li nou ka rive chanje sitiyasyon peyi nou ki se Ayiti. Se sa k fè nou menm atis nou gen obligasyon pou n kontinye pote mesaj pozitif. Menm si l p ap sifi poukont li, li kapab jwe yon gwo wòl nan « prise de conscience » nou bezwen an.

De ki Ayiti ou te toujou reve ? Èske rèv sa toujou posib ?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mwen te toujou reve yon Ayiti kote lapè ap renye, kote objektif prensipal tout Ayisyen se Ayiti ; kote Ayiti retounen paradi li te ye avan an. Pou plaj nou yo ak tout lye touristik nou yo retounen gen tout valè yo te genyen yo. Yon Ayiti ki pa kanmarad sa nou gen la.

Mwen rete kwè li toujou posib. Nou jis bezwen pran konsyans sa pa bon jan l ye la a epi pou n deside chanje sa.

Èske gen lòt pwojè k ap vini ?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, aprè Je te promets ap gen pi bèl pwojè ak videyo k ap vini. M envite piblik la suiv mwen tout kote sou rezo yo sou non Stevybeat pou l pa rate anyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.