SYNAPOHA kritike leta santral pou polisye ki poko ka touche yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
synapoha kritike leta santral pou polisye ki poko ka touche yo

Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) pa mete dlo nan bouch li pou kritike neglijans otorite ki nan pi wo nivo Leta yo genyen anvè polisye yo k ap riske lavi yo lannwit kou lajounen epi k ap resevwa move tretman.

Nan yon nòt li rann piblik, SYNAPOHA denonse konpòtman leta santral atravè Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) ki pran yon pakèt tan avan li peye dènye pwomosyon polisye ki sòti nan lekòl polis la. Tout sa, malgre yo gentan afekte nan divès sou komisarya sou teritwa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sendika a fè konnen se pa premye fwa polisye yo ap sibi jan trètman sa yo. Depi yon pakèt lane, Leta toujou pran yon pakèt tan pou peye polisye ki fenk sòti yo.

SYNAPOHA ale pi lwen pou l pran kòm egzanp dewontoloji enstitisyon polisyè a ki fè konnen polisye yo dwe ale travay nan pòs yo depi yo fin ba yo afektasyon epi yo dwe pwòp, cheve yo dwe byen raze, elatriye.

“Konpòtman sila afekte pèsonèl administratif nan enstitisyon an kote gen anpil nan yo ki gen plis pase kenz (15) mwa depi leta santral nome yo, e y ap travay san yo pa janm touche”, nou ka li nan yon pati nan nòt sila ki rive jwenn gran piblik la nan dat 03 jiyè 2023 a.

Konsa, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) mande pou leta ayisyen peye pèsonèl administratif sa yo nan lide pou yo ka ranpli misyon yo kòrèkteman ki se « pwoteje ak sèvi ».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.