Taba : Lapolis kontinye operasyon yo epi ranfòse prezans li pou arete Vitelhomme Innocent

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
taba lapolis kontinye operasyon yo epi ranfòse prezans li pou arete vitelhomme innocent

Lapolis Nasyonal Dayiti, sou enstriksyon DG a.i PNH la Frantz Elbé, anonse maten samdi premye jiyè 2023 a, yo kontinye mennen operasyon yo nan Tapaj ak Tòsèl, komin Taba, nan lide pou demantle sant gang Kraze Baryè a epi arete Vitelhomme Innocent k ap dirije gang sa ak tout akolit li yo.

Dènye tan sa yo, fòs PNH la detèmine pou derasinen sant gang nan divès kwen nan peyi a. Anplis operasyon y ap mennen nan katye Vilaj De Dye, se menm fokis la tou pou zòn Taba. Sou kòmandman DG a.i Enstiti an Frantz Elbé, polisye yo ap pouse seryezman pou arete chèf gang Vitelhomme Innocent ansanm ak akolit li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Malgre bandi yo mete divès barikad ki mennen nan fyèf yo, sa pa anpeche fòs lòd yo detèmine pou afwonte gang sa a ki enplike nan plizyè zak, tankou asasina, anlèvman, destriksyon byen pilblik”, te ekri Kòdinasyon près ak relasyon piblik Polis nasyonal la atravè seksyon odyovizyèl li a “Allô la Police”.

Aprè gang Kraze Baryè yo ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent te fin atake yon antrepriz epi kidnape plizyè sitwayen pèzib nan komin Taba semèn pase a, ajan fòs lòd yo fè konnen sitirans lan rive nan bout li.

Depi semèn lan, abitan yo nan komin Taba pa sispann tande son bal. Operason yo fèt anba divès gwo estrateji tankou, elimine kay bandi yo sèvi pou abri yo, metrise zòn ki gen otaj bandi yo kidnape yo epi netralize oubyen mete anba kòd sib nimewo 1 yo an, chèf gang Vitelhomme ak tout akolit li yo.

Nan menm piblikasyon sa, Kòdinasyon près ak relasyon piblik Polis nasyonal la, atravè seksyon odyovizyèl li a “Allô la Police”, prezante ak piblik la kèk sekans imaj sou divès operasyon yo nan zòn Tapaj ak Tòsèl, komin Taba.

https://fb.watch/lvXClBPufj/?mibextid=Nif5oz

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.